ayisyen

Syans sitwayen

Nou bezwen ou!

Mesaj pou lekòl yo ak fanmi yo ! N ap pwopoze 2 pwojè syans ki amizan kote tout moun ka patisipe, gran kou piti. Kèk eksplikasyon plis an detay ap gide w nan chak etap yo. Epi w ap ka voye sa w obsève bay syantifik. Yo menm, y ap mete l nan obsèvasyon pa yo.

Ki jan fè

Li super senp

Etidye konsekans biyodivèsite nan lavil pou w ka eksplike prezans papiyon sann lan

Papiyonit lan se yon gratèl ou pran lè w kole ak papiyon sann lan. Nan Giyàn, gen komin ki pi frape ke yon lòt, sa rive chak tan. N ap etidye ekoloji papiyon sa (kote l rete, plant ki resevwa l, bèt ki manje l) pou n ka wè aklè sa ki ka eksplike chak kilè li parèt. Men nou bezwen pou w ede nou pou n ka etidye biyodivèsite nan lavil yo.

Poukisa pou nou etidye biyodivèsite nan lavil yo ?

Lavil yo gen plant ak bèt. Gen pyebwa ki pouse nan pak yo, nan lari, nan teren prive ak zòn natirèl lavil lan. Epoutan lè yon espès anpil anpil pase lòt yo, li ka plis frape ak maladi oubyen vye tibèt. Okontrè, yon kote ki gen plizyè epi yo pa menm ka fè sa pi difisil pou kò sa yo. Anplis yon ekosistèm ki gen plizyè espès ap pi fasil pou l kenbe oubyen retounen jan l te ye avan (sa rele rezilyans) aprè yon pwoblèm. 

Pou nou ka gen pi bon konesans, nou envite moun k ap viv Giyàn nan 2 pwojè. Ou pa oblije fè 2 pwojè yo pou w ka patisipe. Premye pwojè a konsiste de establi yon envantè nan pyebwa nan lavil la. Nou bezwen konnen ki pyebwa ki pouse nan jaden w, nan lari kote w la ak katye w la epi ki wotè yo. Si w konn wè papiyon sann oubyen cheni yo, fòk ou di nou sa. Dezyèm pwojè a se mete fo cheni ki fèt ak patamodle ki koulè vèt nan pyebwa ki nan lavil la pou nou ka gade si bèt ki konn manje yo a (egzanp : zwazo) ap atake yo. Konsa li ap posib pou nou wè si kote yo ye nan lavil la fè l pi fasil (oubyen non) pou nou gen kontwòl vye tibèt yo gras ak zwazo ki konn manje yo.

Pwojè 1 : Mezire pyebwa ou

1 : Fòk nou jwenn youn oubyen plizyè pyebwa ki pi wo pase 1 mèt. (atansyon, palmye oubyen lyann pa ladan l).

2 : Fè 4 foto tout kò pyebwa a, kòs la, fèy la ak flè ak /oubyen fri yo si l genyen. Foto yo ka telechaje dirèkteman nan fòmilè a ki an liy epi ou ka mete non espès la si w konnen l. Li enpòtan tou pou nou konnen pi byen posib kote pyebwa a ye. Lè w tape adrès la nan google map epi lè w chwazi mòd “satelit” ou ka fè yon makè parèt sou pyebwa ou chwazi a. Kote l ye a (nan fòm desimal) ta dwe parèt anba paj la. Ou ka mete yon zòn tou.

3 : Mezire sikonferans lan epi gade ki wotè li ye. Pou w ka fè sa, vlope yon kòd nan kò pyebwa a anviwon 1,5 mèt wotè (wotè pwatrin) epi koupe kote 2 bout yo rankontre an. Apresa mezire kòd ou a avèk yon règ oubyen yon mèt mezi.

Pou w ka konnen wotè a, pliye yon fèy papye an 2 pou l ka fòme yon triyang epi koupe pati ki anplis anlè triyang lan. Pandan w kenbe yon kwen triyang lan, kenbe bò ki pi long lan sou ou epi lòt pwent ki anfas la sou bò pyebwa a. Ou ta dwe ka gade bò ki pi long lan lè w leve je w. Fè bak jiskaske w ka wè tèt pyebwa a nan pwent anlè triyang lan. Make kote sa atè a epi mezire distans lan ant li menm ak pyebwa a, (si w pa gen mèt mezi, yon pa egal anviwon 1 mèt) epi ajoute wotè w paske ou t ap gade pyebwa nan wotè je w se pa t avèk wotè tè a. Epi voye enfòmasyon yo sou fòmilè an liy lan.

Gid atak

Pwojè 2 : Fè cheni ou

Pwojè sa se rès pwojè 1 an men w pa oblije fè l. Pou w fè cheni an, ou ka oubyen kontakte nou epi n ap voye yon ti boul patamodle epi fil fè  oubyen ou ka itilize pa w yo.

1 : Avèk patamodle a, prepare yon ti boul ki fè 1 santimèt dyamèt, kraze dousman boul la nan mitan fil fè a epi woule l dousman nan dwèt ou pou w ka fè yon cheni vèt ki fè 3 santimèt longè. Gade si kò a swa san okenn mak.

2 : Sou pyebwa ou te mezire a, chwazi yon branch ki enviwon 1,-1,5 mèt wotè tè a epi mete cheni ki fèt ak patamodle a (yon sèl sou chak pyebwa) sou ti branch fen branch ki tou pre fèy yo.

3 : Cheni an dwe rete la pandan 3 jou epi ranmase yo pou w gade byen pou w wè mak atak. Pa bliye fè foto tout cheni w, kit yo atake, kit yo pa atake epi voye yo pou nou !